Pou fanmiy nou
Sous kote pou jwen n bous pou etidye Pwogram staj Prevansyon kont vyolans domestik Byografi
Suggest a Scholarship
 
English
中文
Español
Française
 
 
Judge Ian Richards
Jij Ian Richards gen anpil enterè nan travay prevansyon kont vyolans domestik.
 

Konsènan jij Ian Richards

Jij Ian Richards, pitit yon mekanisyen ak yon enfimyè,li grandi nan sid Florid. Li te ale nan lekòl primè Shadowlawn ki nan vil libète, pita li te gradye nan lekòl segondè Norland Senior High School. Kòm se yon jenn gason kite deside pou li vin yon bagay nan vi li, Ian Richards te diploma nan contablite nan inivèsite entenasyonal Florid apre sa li te jwenn yon bous detid pou ale nan lekòl avoka kinan Inivesite Miami. Li te fè staj nan biwo defans piblik ki nan Broward. Apre sa li fè yon doktora nan Jiri kote li te travay kòm avoka nan biwo leta li te okipe yon ban n ka vyolans domestik, vol, ka jenn moun ak feloni. Pandan tan li tap pratike nan prive li te defann dwa moun nan zafè byen, feloni, vol, fèmaj ak ka imigrasyon. Jij Ian Richards manm nan asosyasyon baro TJ Redick, Florid, Broward. Li fè pati klib Kiwanis ak chanm komès Lauderhill.

Travay kominotè

Jij Richards se yon moun senp ki bay travay nan kominote a valè. Li demontre angajman li nan kominote a lè li patisipe nan devlòpman ti biznis group minorite yo, nan seminè lanseyman li bay moun kap siyen kontra ou byen moun kap bay sèvis legal nan sant antrepriz kominotè (ECC). Li te fè kèk prezantasyon nan forom distri madan Komisè Barbara Jordan nan. Jij Richards te bay sèvis gratis li pou gide jenn avoka prepare examen baro yo epi tou nan kanpay sitoyen Asosiyasyon Baro Karayib la. Pandan li tap pratike la lwa, Jij Richards te bay tan li nan pro bono, epi li te bay tan li pou pale avèk jenn moun ki nan move chemen. Jij Richards te presidan asosyasyon kap bay sèvis nan kominote kote li gen kay li yon fason pou pwogrese zòn Miramar. Pandan li te nan kolèj ak lekèl dwa, Jij Richards te bay sèvis li gratis pou de zan nan yon kay leta te finanse, li te rete nan kay sa pou pran swen gran moun ki te konn domi nan lari. Jij Ian Richards se yon mari ki bay madanm li afeksyon, li se yon papa ki fyè de pitit fi sèt an li ak pitit gason de zan li. Madanm li se yon enfimyè espesyalize nan zafè kè nan lopital Memorial , li se yon moun kap fè tradiksyon nan zafè medikal.

Jij Richards pale pliziè fwa nan lekòl ak legliz sou diferan kalite sijè. Li toujou pare pou li parèt devan nenpòt oganizasyon kominotè ki pa nan patipri.

Copyright © 2015 Ian J. Richards Translated by Shilei LLC